Yon akizasyon koripsyon peze sou do Kesner Romilus, ki se aktyèl direktè jeneral Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES). Konbit kont koripsyon nan Leta a (KKL) deside akize direktè ya pou gagòt kap fèt nan enstitisyon an aprè ankèt yo mennen.
Enstale 25 fevriye pase a nan tèt FAES, direktè jeneral Kesner Romilus fè objè de yon akizasyon koripsyon grav. KKL , yon òganis nasyonal endepandan ki bay tèt yo misyon defann tranparans ak bon jesyon nan administrasyon piblik la pran desizyon pou akize direktè ya kòm prensipal moun kap fè gagòt nan bwat la.

KKL fè konnen ke direktè Kesner Romilus pa sispann poze move aksyon depi lè l rive nan tèt FAES. Daprè eleman ankèt li yo, KKL fè konnen dezòd direktè ya ap gen gwo konsekans sou popilasyon ki vilnerab yo. Aprè anpil plenyen bò kote anplwaye FAES yo, KKL te pran desizyon poul mennen ankèt li.
Òganis lan di ke ankèt li yo revele anpil gaspiyaj ak move desizyon administratif nan bwat la tankou:
- Anplwaye pa ka touche a lè.
- Direktè jeneral Kesner Romilus divize bwat la nan bay ekip li favè sèlman.
- Anpil sifaktirasyon nan achte materyèl yo.
- Trezò FAES gagote.
- Direktè jeneral Kesner Romilus ap vann diri pa konntenè ak kamyon, ekip li ap vann kit alimantè yo.
- Anpil konntenè ak kamyon kit alimantè detounnen al jwenn baz yo.
- Gwo batay pou kontwòl kit alimantè yo ant ekip Direktè Kesner Romilus ak ekip Jean Sadrack Jean François, li menm, ki se Direktè DLCP.
KKL di ke moun kan yo pa jwenn manje yo. Òganis lan fè konnen ke yo voye plizyè sinyal bay Direktè Kesner Romilus, men li fè yo konnen se travay PM Alix Didier Fils-Aimé lap fè, pèsonn oubyen okenn antite pa ka fèl fè bak. Òganis lan di l pare pou depoze yon dosye konplè nan ULLC kont tout derive ak koripsyon Direktè Kesner Romilus ap fè nan tèt enstitisyon an.

KLL deklare : » nou gen enfòmasyon ki pi solid, pi grav. Si Direktè Kesner Romilus ak tout ekip li pa fè bak epi fè devwa yo. N ap rann piblik tout lòt enfòmasyon ki pi sansib yo ». » Nap batay kont enpinite, enjistis ak koripsyon ». » Nou se je k ap ede lajistis fè travay li ».

N.B Enfòmasyon sa a pa angaje Ziltikinfos. Nou bay nouvèl, nou pa fè nouvèl.
